Search billions of records on Ancestry.com

Haïti

Gén. Léon MONTAS

MONTAS
x
x
x
x
x
x
x
Léon MONTAS
Militaire
o ca. 1850/1875
+ jeudi 5 décembre 1867 Haïti, Cap-Haïtien
ax ?
bx Lorvana DESTOUCHES

DESCENDANCE


Avec ?
1 ) Georges MONTAS (date inconnue-date inconnue)

Avec Lorvana MONTAS née DESTOUCHES
2 ) Félix L. MONTAS (date inconnue-)
3 ) Claude MONTAS (date inconnue-)

 

 

Principale source : JPM

Source externe

Généalogie d'Haïti et de Saint-Domingue
Estelle & Jean-Paul Manuel © 1998-2008.
AVERTISSEMENT : CE SITE N'EST PAS UNE RÉFÉRENCE CAR IL RASSEMBLE DES DONNEES AUX ORIGINES DIVERSES QUI N'ONT PAS PU ETRE TOUTES VERIFIEES.
N'HESITEZ PAS A SIGNALER LES ERREURS.

Corrections : haiti.saintdomingue @ gmail.com
Révisé le vendredi 25 juillet 2008

 

KREYOL PALE
KREYOL KONPRANN...

 Pa Kal Fonbwen

Chen jape men locomotiv-la ap pase.


Administrasyon prezidan Sylven Salnav-la koumanse 14 jwen lanne 1867 e li fini 19 desanm lanne 1869. Apre yo te fin nonmen Salnave prezidan, eleksyon lejislative fèt nan peyi-an e anpil reprezantan-yo sete moun prezidan Fab Nikola Jefra. Nan depatman No-an te gen yon militè jeneral Léon Montas, nèg save, tout moun te renmen e tout moun te respekte.

Pwoblèm-la Montas te goumen pou prezidan Jefra kont Salnave, lane 1865. Mwa me lanne 1867 prezidan Salnav mete Montas anba kod epi kofre-l nan prizon. Pandan cink mwa lane 1867 jeneral Montas mande pou yo jije-li men sa pa jan-m fèt.


Prezidan Salnav sèvi avèk-li kon yon yoyo nan prizon vil potoprens ak vil Okap. Madan jeneral Montas voye yon petisyon bay reprezantan la Chamb-yo pou mande yo de ki previen ak mari-li. Senpati reprezantan-yo nan la majorite sete pou madan Montas.

Mezanmi, 14 oktob lane 1867 magouyè, tilolit, wangatè, malfektè, sansave, lougarou, tèt kololo ak medam plezi lanmou nan kay ti-lumyè wouj-yo, anvayi Palè Lejislatif-la kon band madigra e yo koumanse rele Viv Salnav aba Lachamb.
Yo fout tout depite-yo deyo Lachamb-la, yo kraze chez ak biro, chire tout potre istorik-yo, yo bwè kleren, danse, epi kore tout pot Lachamb ak gwo klou tol. Salnav disoud Lachamb-la.

Kant a pou jeneral Montas jounal Monitè 18 desanm lanne 1867 aprann moun li te fè wout pou peyi san chapo nan yon prizon vil Okap 5 desanm lanne 1867 apre yon swa dizan atak kè yo te rele apoplexy.

Ala bagay ki fè-m sonje lanne 1950, makak wè maka fè. Lè prezidan Estime ki te vle prolonje tèm prezidans-li, majorite senatè-yo pat vle, pami yo papa-mwen, senatè Emil Senlo, senatè Lwi Dejwa. Konstitusyon se papye, bayonet se fè.  Chimè Estime yo detwi batiman Sena-an.

Sa te byen lèd pou prezidan Estime ki te vle rete sou pouvwa-an san akseptans legal majorite sena-an  ki pat vle renouvle manda-li. Malgre lespri pwogresis Dimase Estime anpil magouy ki pat katolik te fèt sou gouvènman-l. Se akoz tout chire pit sa-yo yon lot militè politisyen, jeneral Paul Ejen Maglwa koupe zèb anba pye Titim epi pran pouvwa-an. Sa se la verite. Onè,respè, sa se yon lot verite.

MEZANMI, se la ma-p rete pou jodi-an.  Na pale denmen si Granmèt la vle.

KAL
http://www.fombrun.com/article.php/20071010I807